Skip to main content

Search NYU Steinhardt

Chè Paran,
Nou vle fè w konnen ke Liy Asistans pou Paran Elèv K ap Aprann Angle nan Eta New York la (New York State English Language Learner Parent Hotline) pral kontinye bannou sèvis adistans pandan tout tan lekòl yo fèmen akoz viris COVID-19 la.
Nou swete pou oumenm ak fanmi w kontinye rete an bòn sante.
Ekip Liy Asistans lan

Nou kontan wè ou sou liy dirèk (Parent Hotline)  pou Paran Elèv k ap aprann aglè yo (ELLs). Li trèzenpòtan pou nou genyen yon kominote paran, ak granmoun ki nan relasyon parental ak elèv yo, ak gadyen legal, ki enfòme e ki konsyantize pou aji, e pou asire elèv yo ap jwenn bon jan sèvis.

Yo kreye liy dirèk sa a pou bay paran, gadyen legal ak moun ki nan relasyon parantal avèk elèv yo, enfòmasyon sou dwa yo ak sèvis pou pitit yo kòm sa dwa dapre Pati 154 Règleman Komisè a (Commissioner’s Regulations Part 154). Liy dirèk sa a ofri yon fason pou reponn kesyon espesifik sou kijan yo ofri sèvis yo.

Nou prepare bwochi espesyal  sou enfòmasyon pou paran elèv k ap aprann anglè yo. Men lis la:

Si ou gen okenn kesyon sou dwa ou ak sèvis pou pitit ou, tanpri ranpli fòm pou kesyon yo, oubyen telephone nou nan (800) 469-8224. Si non, ou ka rale fòm elektwonik la vin jwenn ou, epi ou ka voye l ba nou pa imèl nan nysparenthotline@nyu.edu, oubyen ou ka fakse li ba nou nan (212) 995-4199, oswa ou ka voye l ba nou pa lapòs nan adrès ki pi ba a:

NYS ELL Parent Hotline Team
c/o NYS Statewide Language RBERN at NYU MetroCenter
726 Broadway – 5th Floor
New York, NY 10003